News & Events

Sesyon Enfòmèl Pou Komisyon Etazini-a Sou Dwa Sivil, Nan Tretman Ayisyen K’ap Chache Azil Resevwa Nan Sid Florid-la.

June 21, 2002

Temwayaj de Lida Rodriguez-Taseff
Prezidan ACLU nan Chapit Greater Miami-a

Pou yon kopi lèt-la, rele:
Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Dirèktè kominikasyon, (305) 576-2337 ext:16 (biwo) oswa (786) 208-7203 (mobil)

21 jwen 2002

Bonjou manb komisyon-yo.  Non’m se Lida Rodriguez-Taseff.  O non de ACLU ak kominote-a, mwen di’w mèsi deske ou pran tan pou rankontre avèk-nou.

ACLU se yon òganizasyon ki nan tout nasyon-an, ki pa pou pwofi, ki pa patizan e ki gen apeprè 300,000 manb.  Nan 300,000 manb-sa-yo, 12,000 nan leta Florid-la e yo dedye tèt-yo pou yo defann prensip libète ak egalite ki fè pati de konstitisyon de lwa sivil nasyon-nou-an.  Se paske ACLU kwè nan verite ke nasyon-an non sèlman bati, men pwospere sou tèt imigran, kifè òganizasyon-nou-an ap batay depi lontan pou imigran ka gen aksè devan jij; kont detansyon ak depòtasyon enkonstitisyonèl; kont desizyon abitrè de gouvènman e kont pwosè san konsyans INS ki vyole dwa.
Se pa de fwa ACLU asiste Ayisyen k’ap chache azil.  Ata jij federal kritike INS sou vyolasyon de dwa fondamantal e legal de Ayisyen.  Lò nou li desizyon-yo, li demontre klèman ke pa gen okenn lòt gwoup refijye ke yo viktime pi plis ke Ayisyen ak de desizyon volatil e kriyèl nan 2 dekad ki fèk pase-yo.

Pa ekzanp, Haitian Refugee Center V. Civiletti mande azil an jiyè 1980 pou 4,000 Ayisyen k’ap chache azil.  INS refize tou lè 4,000 aplikasyon-yo.  Kou pwosè-a chaje ke ajans gouvènman etazini-a enstale yon pwogram ki gen kòm bi pou li  refize rapid rapid tout revandikasyon Ayisyen plase pou azil.  Kou Pwosè-a te konkli tou, ke diskriminasyon kont Ayisyen, se pa jodi-a li kòmanse.  Li di se yon fenomenn ki kòmanse depi nan ane 1960-yo.  Anplis, kou pwosè-a trouve ke INS t’ap angaje nan taktik laperèz lè yo mande avoka gouvènman-yo pou yo pale de Ayisyen tankou yon danje pou kominote sosyal ak eknomik-la.

Jean Vs. Nelson se dezyèm ka ke yo te klase pou Ayisyen ke yo kenbe endefiniman nan Krome.  Ayisyen-sa-yo ke yo te refize bay aksè a avoka; Ayisyen-sa-yo ke yo te kenbe nan de kondisyon de sipopilasyon e  ke yo te transfere ilegalman.  Ata INS te admèt ke jan yo te depòte Ayisyen-sa-yo te fotif.

Yon fwa ankò, kou pwosè-a te note ke dwa Ayisyen-yo pa’t respekte eke Ayisyen-yo te gwoup ki pi afekte nan nouvan règleman ki aplike-yo.  Jij Eugene Spellman te bay lòd lage plis ke 1,000 Ayisyen dèske li te trouve ke règleman detansyon-an pa’t valid.

Kou dapèl-la te rejte revandikasyon gouvènman ki te di ke te gen yon masiv debakman de Ayisyen Ozetazini.  Kou dapèl-la note ke Ayisyen pa reprezante plis ke 2% de tout flo imigrasyon nan Zetazini.  Gouvènman-an ap tounen sou koze ke si règleman-sa-yo pa an plas, ap gen yon gwo debakman Ayisyen nan peyi-a.  Alòske règ-sa-yo, yo te deja rejte-yo.  Moun ki la depi lontan nan kominote-sa-a ka sonje an 1991 apre kou deta-a, yo te oblije asiyen gouvènman-an ki t’ap eseye rapatriye Ayisyen pa fòs alòske te fèk gen yon kou deta Ayiti.  Epòk-sa-a se General Kenneth Star ki te avoka pou gouvènman-an e li te deklare ke gen 20,000 Ayisyen ‘an mas’ ke yo te pwal voye Guantanamo. Men, yo te di ke swadizan, Guantanamo pa’t gen kapasite pou li resevwa tout moun-sa-yo.  Nou kwè ke avoka gouvènman-yo te fè ekspre yo ekzajere sitiyasyon-an pou met panik kont Ayisyen an 1991.  Pa ekzanp, kifè nou di sa, se paske le Bèna Aronson ta’p temwaye li te di ke tèm ‘an mas-la’ pa’t klè e ke yo pa’t menm te konnen tout bon konben Ayisyen to te gen pou yo te voye Guantanamo.  Plizyè lòt moun te temwaye pa’t gen okenn ris pou yon migrasyon an mas.  Atousa, gouvènman te eseye bay manti toujou.  Yo te prezante deklarasyon Robert K. Wolthuis ke yo te prezante kòm asistan Sekretè defans.  Msye-sa-a asime wòl-sa-a pandan yon jou sèlman.  Li pa’t gen okenn pwoblèm admèt ke pi fò nan fè ke li te jire nan deklarasyon-li-a se avoka-yo ki te ekri-yo e te di’l di.  Deklarasyon an te si tèlman defektif ke avoka pou Ayisyen-yo te oblije klase yon lòt dosye sou-li.

Men kòm gouvènman-an te deja sonnen alam-nan yo pa’t fouti kite moun bare wout-yo.  Le 24 me, 1994, prezidan Bush te voye yon lòd ekzekitif bay INS.  Lòd-la se te pou yo rapatriye kenpòt Ayisyen yo rete sou dlo, san yo pa menm envestige pou wè si moun-sa-yo ta’p sibi pèsekisyon an Ayiti.  (“Kennenbunkport Order”).

Règleman ki an plas jodi-a se menm penpenp ke an nom de fwa kou pwosè-a te rejte poutèt tandans rasis e diskriminatwa-li-yo.  Se gwo ironi ki fè ke yon fwa ankò, sonnet panik-la sonnen.  Fòk nou kapab sispann kite sistem-nan, ki lage nan dengon Ayisyen ka’p chache azil. Sistèm-sa-a ki nye-yo antre nan peyi-a menm lò gen ofisye ki fin deklare ke moun-sa-yo gen dwa de koz pou yo rete nan peyi-a!

Nou espere ke w’ap konsidere pozisyon-nou sou règleman diskriminatwa-sa-yo ki afekte Ayisyen k’ap chache azil.

Komisyon sou dwa sivil-la sèvi tankou konsyans nasyon-an nan sa ki gen pou wè ak dwa sivil, e nou enplore’w pou ou pran ka-sa-a trè zoserye.  Nou ankouraje’w pou envestige tout vyolasyon delibere ki fèt kont Ayisyen k’ap chache azil sou dwa sivik ak dwa de lòm-yo.

Komisyonè Dwa Sivil Etazini Dakò Pou Al Tande Yon Sesyon Enstriktif Sou Afè Diskriminasyon Ins Nan Sa Ki Gen Pou Wè Ak Detni Ayisyen K’ap Chache Azil

June 14, 2002

Pou yon kopi lèt-la, rele:

Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Dirèktè kominikasyon, (305) 576-2337 ext:16 (biwo) oswa (786) 208-7203 (mobil)

MIAMI –  Komisyon dwa sivil etazini-a aksepte yon envitasyon dwa sivil Miami-a te voye ba-li pou li vin diskite de plan politik federal imigrasyon genyen ki kenbe dè santenn de Ayisyen nan sant detansyon san moun-sa-yo pa konn kilè yo pwal lage-yo. Se le 21 jwen ke vizit-sa ap fèt.

Komisyon-an gen pou tounen Miami 20 jwen pou detèmine ki pwogrè ki fèt sou vòt nan afè refòm nan Florid-la.   Komisyon-an dakò pou rete pli lontan pou li ka koute temwayaj plizyè koalisyon ki reprezante dwa sivil ak dwa moun, tankou òganizasyon ki rele ?Hermanos Al rescate?, NAACP, ak Haitian American Grass Root Coalition.

?Se pa ni de kriminel, ni de teworis n?ap pale.? Te di Cheryl Little ki se dirètè Ekzekitif de FIAC.  ?Moun sa-yo, se nonm, fanm, ak timoun ki vini nan peyi-sa-a pou yo jwen libète, men ke yo fenmen poutèt koulè po-yo.?

Nou ta swete ke komisyon-an ta fè de rekomandasyon ki ta mete fen a politik sa-a pou Ayisyen-yo ka lage bay fanmi ak zanmi-yo.?

Sesyon enstriktif-la ap komanse a 10:30 am le 21 jwen nan Hyatt Regency Miami, 400 SE 2nd avenue.  Tou swit apre Sesyon enstriktif-la, komisyonè-a ak empwaye-yo ap vizite TGK, kote yo kenbe fanm Ayisyen-yo nan yon prison maksimom sekirite ansanm ak gwo kriminèl.

Komisyon-an dakò pou li vin patisipe nan Sesyon enstriktif-la -a apre ke li resevwa yon envitasyon de ACLU ak FIAC.  ACLU ak FIAC ap fè demach pou plis ke 200 Ayisyen ki oblije ap fè petisyon pou yo ka jwenn azil etan yo nan prison, alòske ameriken lage refijye lòt peyi e kite yo an libète etan y?ap tann pou wè si y?ap ba-yo azil ou pa.
An mas, FIAC ak yon pakèt lòt avoka imigrasyon lokal te asiyen pou yo te ka lage refijye, paske yon pakèt nan refijye sa-yo t?ap chita nan prizon toujou alòske yo te deja demontre ke yo te gen sa yo rele ?credible fear? e ke yo te do lage-yo poutèt sa-a.

Y?ap asiyen INS poutèt yo di ke INS vyole dwa refijye-yo deske yo pa ba-yo tretman egal ak ?due Process.?

?Nou kontan deske Komisyonè-a dakò pou li vin jete yon kout je sou kriz imigrasyon sa-a nan Florida-la.  Vizit-sa-a ap ede moun  konsantre sou pwoblèm rasis-sa-a ki aplike sèlman pou Ayisyen k?ap chache azil? te di direktè ekzekitif ACLU-a, H. Simon.  ?Mwen ta swete ke Sesyon enstriktif-la -a ta kreye ase mekontantman nan popilasyon-an pou ta chanje plan politik INS sa-a nan administrasyon Bush ?la, pou Ayisyen k?ap chache azil ka jwenn menm tretman ak lòt moun ki vin nan peyi ?sa-a pou jwenn lavi-miyò.

Lèt A Komisyonè Dade-yo Pou Ankouraje-yo Opoze Plan K’ap Bay Lapolis Lokal Dwa Pou Anfòse Lwa Imigrasyon.

May 9, 2002

Chè komisyonè,

Depatman jistis eta zini-a fèk anonse ke lapolis leta ak lapolis lokal ap gen dwa anfòse lwa federal imigrasyon.  Dokiman-an di ke leta ak minisipalite gen otorite pou anfòse lwa imigrasyon.

Nou trouve ke lwa-sa-a ki pwal bay lapolis dwa arete yon moun ke yo sispèk se yon imigran ilegal li-ye, se yon lwa ki pa konfòm ak tradisyon ki di ke imigrasyon se yon zafè federal li ye.  Nou panse tou ke se yon move plan politik pou konte Miami-Dade-la.

Se pou nou refize zefò ke gouvènman federal ap fè pou rekrite lapolis lokal nan zafè anfòsman lwa imigrasyon.  ACLU konseye nou fè sa lòt vil tankou Los Angels ak NY te fè lè yo te mande-yo pou lapolis anfòse lwa INS.  Se pou komisyonè-yo redije yon òdinans ki di klèman, ke aloske lapolis la pou kontinye ede otorite arete imigran ki komèt krim, lapolis lokal pap ni envestige, ni kenbe, ni arete okenn  sitwayen kipa komèt okenn krim sou preteks ke sitiyasyon imigrasyon-yo an kesyon.

60% de moun ki abite nan Miami-Dade Konte, se de moun ki soti nan yon peyi etranje; Kifè nou ka di se yon kominote imigran-li ye.  Lavi, pwopriyete, ak dwa imigran-sa-yo kise yon pati entegral de twal konte-a, ta?p seryezman an danje si lapolis ki an plas pou pwoteje kominite-a, se li menm tou yo mete regle afè imigrasyon.  Men se pa la sèlman pwoblèm-yo t?ap rete.  Ata lavi popilasyon moun ki fèt isit eki pa imigran t?ap afekte.  T?ap gen yon enpak trè negatif sous indistri touris-la tou.

Sejousi gen anpil zefò ki fèt nan rediksyon krim nan kominote-a.  Youn nan rezon kifè pwogrè sa-yo posib, se paske gen de efò ak de inisyativ ki te fèt nan kominote-a.  si kounye-a lapolis-yo pwal pran wòl ajan INS tout konfyans kominote-a te genyen nan lapolis pwal tonbe.  Kijan nou vle ke imigran san papye rapote krim oswa temwanye krim si sa ka lakòz yo depote-yo?  Konfyans nan lapolis-la ap soufri de sa.  Pou kominite-a ka santi ke lapolis ap pwoteje-yo tout bon, fòk gen konfyans nan otorite-yo.  Si se baryè ak mi k?ap monte ant lapolis ak kominite-a, nou mèt bliye sa!

Anplis de sa, si lapolis oblije pran wòl ajan INS, Y?ap gen mwens tan pou fè yon bon travay nan sa ki gen pou wè ak konbat krim.  Poutèt-sa-a, ilvadswa ke to krim pwal monte. E lè krim monte, imaj ke yo gen de kominote-nou-a ap tèni.  Moun p?ap wè Miami tankou yon ti paradi twopikal ankò.

Li klè tout ke lapolis lokal pa ekipe pou antreprann travay konpleks ke anfòsman imigrasyon mande.

Asosyasyon avoka imigrasyon Ameriken-an, di nan yon kominike  le 9 avril ke ?lwa imigrasyon federal-yo se yon bagay ki konplike anpil eki mande anpil antrenman ak anpil save pou moun k?ap anfòse?l yo.  INS bay plizyè dokiman ki bay diferan moun ak diferan stati legal diferan dwa.  Lapolis lokal pa gen save nesesè-a pou detèmine kilès ki gen dwa Ozeta Zini ak kilès ki pa gen dwa.

Si lapolis vin gen chaj pran wòl ajan INS, kilès ki pwal peye pou antrènnman sa-yo?  Kilès ki pwal peye pou lè ke lapolis ap pèdi sou lè travay-li lè la?p antrene-a? Pi enpòtan toujou, kilès ki pwal konpanse lapolis lokal pou moun ke yo pwal remèt bay INS?  Menm moun-sa-yo ke lapolis depann-sou-yo-a pou enfòmasyon, kolaborasyon, epi ata sekirite-yo tou?

ACLU ankouraje komisyonè konte-yo koute konsèy ekspè-yo, lapolis-yo, ak administratè-yo ki nan tout peyi-a ap opoze ke lapolis lokal vin pran chay oblije fè wòl ajan INS.  Nou mande komisyonè konte-yo koute Lyetnan B. Schwartz ki di ?nou p?ap fonksyone antan ke ajan INS. Se pa travay-nou. Travay-nou se solve krim.  Nou deja gen twòp bagay pou fè pou n?al ajoute travay INS met sou li.?  (Sun Sentinal 25 avril 02).
Lòt moun nan lapolis lokal fè konnen yo pa dakò nonplis ak inisyativ sila-a.

Ankò, nou ankouraje?w mande depatman lwa-yo pou yo redije yon òdinans ki ap kenbe wòl lapolis nan ran konbat krim.  Òdinans-sa-a dwe anplas pou asire ke lapolis pa jwe wòl ajan INS eke anfòsman lwa imigrasyon se nan men ofisyèl imigrasyon li rete.  N?ap ajoute a lèt-sa-a chapit 2, atik XII, seksyon ~2-92(h).   nou kwè ke li sipote klèman pozisyon n?ap defann-nan.  N?ap twò kontan adrese nenpòt ki kesyon ou ta genyen sou afè sa-a, ki se yon bagay enpòtan pou kominote-nou-a.

Sensèman,

Lida Rodriguez-Taseff
Presidan
Greater Miami ACLU Chapter

Randall Marshall
Dirèktè Legal
ACLU Florida

Howard Simon
Dirèktè Ekzekitif
ACLU Florida

Pyès jwent:

CC: Komite Komisyonè, konte Miami-Dade
Alex Penelas, Mè Konte Miami-Dade,
Steve Shiver, manajè Konte Miami-Dade

ACLU Ankouraje Komisyonè Konte-a Pou Yo Pase Yon Òdinans Ki Anpeche Lapolis Lokal Anfòse Lwa Imigrasyon.

May 9, 2002

Pou yon kopi lèt-la, rele:

Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Dirèktè kominikasyon, (305) 576-2337 ext:16 (biwo) oswa (786) 208-7203 (mobil)

MIAMI –  Komisyon dwa sivil etazini-a aksepte yon envitasyon dwa sivil Miami-a te voye ba-li pou li vin diskite de plan politik federal imigrasyon genyen ki kenbe dè santenn de Ayisyen nan sant detansyon san moun-sa-yo pa konn kilè yo pwal lage-yo. Se le 21 jwen ke vizit-sa ap fèt.

Komisyon-an gen pou tounen Miami 20 jwen pou detèmine ki pwogrè ki fèt sou vòt nan afè refòm nan Florid-la.   Komisyon-an dakò pou rete pli lontan pou li ka koute temwayaj plizyè koalisyon ki reprezante dwa sivil ak dwa moun, tankou òganizasyon ki rele ?Hermanos Al rescate?, NAACP, ak Haitian American Grass Root Coalition.

?Se pa ni de kriminel, ni de teworis n?ap pale.? Te di Cheryl Little ki se dirètè Ekzekitif de FIAC.  ?Moun sa-yo, se nonm, fanm, ak timoun ki vini nan peyi-sa-a pou yo jwen libète, men ke yo fenmen poutèt koulè po-yo.?

Nou ta swete ke komisyon-an ta fè de rekomandasyon ki ta mete fen a politik sa-a pou Ayisyen-yo ka lage bay fanmi ak zanmi-yo.?

Sesyon enstriktif-la ap komanse a 10:30 am le 21 jwen nan Hyatt Regency Miami, 400 SE 2nd avenue.  Tou swit apre Sesyon enstriktif-la, komisyonè-a ak empwaye-yo ap vizite TGK, kote yo kenbe fanm Ayisyen-yo nan yon prison maksimom sekirite ansanm ak gwo kriminèl.

Komisyon-an dakò pou li vin patisipe nan Sesyon enstriktif-la -a apre ke li resevwa yon envitasyon de ACLU ak FIAC.  ACLU ak FIAC ap fè demach pou plis ke 200 Ayisyen ki oblije ap fè petisyon pou yo ka jwenn azil etan yo nan prison, alòske ameriken lage refijye lòt peyi e kite yo an libète etan y?ap tann pou wè si y?ap ba-yo azil ou pa.
An mas, FIAC ak yon pakèt lòt avoka imigrasyon lokal te asiyen pou yo te ka lage refijye, paske yon pakèt nan refijye sa-yo t?ap chita nan prizon toujou alòske yo te deja demontre ke yo te gen sa yo rele ?credible fear? e ke yo te do lage-yo poutèt sa-a.

Y?ap asiyen INS poutèt yo di ke INS vyole dwa refijye-yo deske yo pa ba-yo tretman egal ak ?due Process.?

?Nou kontan deske Komisyonè-a dakò pou li vin jete yon kout je sou kriz imigrasyon sa-a nan Florida-la.  Vizit-sa-a ap ede moun  konsantre sou pwoblèm rasis-sa-a ki aplike sèlman pou Ayisyen k?ap chache azil? te di direktè ekzekitif ACLU-a, H. Simon.  ?Mwen ta swete ke Sesyon enstriktif-la -a ta kreye ase mekontantman nan popilasyon-an pou ta chanje plan politik INS sa-a nan administrasyon Bush ?la, pou Ayisyen k?ap chache azil ka jwenn menm tretman ak lòt moun ki vin nan peyi ?sa-a pou jwenn lavi-miyò

ACLU Lanse Yon Kanpay Nasyonal Pou Fè Konnen Ki Tretman Imigran Sibi Depi 9-11

May 7, 2002

Kontak medya-a:
Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Direktè kominikasyon
(305) 576- 2337 ext: 16 (biwo) oswa (305) 773-8220 (mobil)

MIAMI – ACLU lanse yon nouvo sèvis nasyonal piblik pou fè moun konnen ki trètman imigran ap sibi depi 9-11.

Nouvo kanpay-la gen de anons piblik.  Yon se vwa aktè Danny Glover, e lòt-la se vwa imigran ke yo te fenmen nan sant detansyon.  Videyo sa-yo se 30 a 60 segond yo ye. Imaj yo montre, se imigran k?ap rive ozeta zini pa bato, e li raple spektatè-yo ke nou gen yon bezwen pou sekirite san nou pa deranje ?libète ke peyi-a bati sou-li-a.?

H.Simon te di:  ?Anons piblik-nou-a konsantre atansyon piblik-la sou jan repons gouvènman bay a trajedi 9-11 non sèlman li menase libète-nou, men li andanje kominote imigran-yo tou.?

Plis ke 1500 kopi anons piblik-sa-yo deja distribye nan plizyè estasyon nan peyi-a.

Anthony D. Romero te di: ?Alòske ACLU rekonèt bezwen ijan ki prezan pou nou redwi ris yon lòt atak teworis, nou mande gouvènman-an pou aji ak respè pou vale konstitisyonèl ki pwòp a nasyon demokratik-sa-a.?

ACLU ap reponn a aksyon kongresyonèl e administratif ki te swiv atak teworis ane pase-a.  ane-sa-a, group ?libète sivil non-patizan-an te plase premye zak pou anpeche pwosè depotasyon apre 9-11.?  Òganizasyon-an te asiyen gouvènman-an ke li akize de kache enfòmasyon sou de imigran ke yo te kenbe nan prison New Jersey.

Pou wè oswa resevwa yon kopi de sèvis anons piblik-yo rele (305) 576-2337 ext: 16

Avoka K’ap Defann Dwa Imigran-yo Ap Ankouraje Gouvènè Bush Abandone Règ Lisans Ki Diskrimine Kont Moun Ki Pa Sitwayen

February 22, 2002

Kontak medya-a:
Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Direktè kominikasyon
(305) 576- 2337 ext: 16 (biwo) oswa (305) 773-8220 (mobil)

MIAMI – Nan yon lèt adrese a gouvènè Jeb Bush jodia, FIAC, ACLU ak plizyè lòt gwoup k?ap goumen pou dwa imigran ankouraje gouvènè-a abandone yon regilasyon sou lisans ki fèk parèt e ke gwoup-yo trouve se imigran li afekte.  Gwoup-yo di ke afè de konfiskasyon dokiman ?sispèk-sispèk? epi afè de siveye stati imigrasyon-an se yon vyolasyon de etranje k?ap viv nan eta-sa-a.

Florida Department of Highway Safety and Motor Vehicles adopte yon mezi pou konbat teworis; kifè nan 143 ofis ki genyen pou lisans nan eta florid-la, se 10 sèlman moun ki pa sitwayen (menm sa ki gen alyen-kat pèmanan-yo) gen dwa vizite pou afè pran oswa renouvle lisans-yo.  Biwo-sa-yo se nan conte Miami-Dade, Broward, Pinellas, ak Conte Orange-yo yo ye.  Politik administratif-sa-a, se nan lòd ekzekitif nimewo 300 li ye.

Nan lèt-la, plizyè lidè kominote k?ap reprezante de gwoup tankou ?American Immigration Lawyers Association nan chapit South-Florida-a,? ?Church World Services Miami,? ak ?American Venezuelan Business league,? ankouraje gouvènè-a pou li ta opoze bagay lejislatif sa-a.

Si bil-sa-a pase, l?ap gen yon efè ase siyifyan sou moun k?ap travay di eki pa menm gen okenn pwoblèm ak lalwa.

Howard Simon, Direktè Ekzekitif ACLU nan Florid-la di konsa:  ? Olye ke yo enplemante de mezi ki mache, e k?ap pwoteje moun, leta ap chache non-sitwayen pou?l blame. Moun-sa-yo peye taks, leve timoun, epi kontribye nan byen-èt leta-a.?

Limitasyon yo mete sou konben biwo k?ap sèvi moun ki pa sitwayen nan afè lisans-yo ak pwodwi de restriksyon k?ap lakòz:

  • Domajman endistri agrikòl ak endistri touris-la ki depann anpil sou travayè imigran
  • Rann lavi-a pli danjre, paske sikonstans ap fòse chofè pran lari-a san treninn, san lisans, san asirans.
  • Ajoute yon pwa sou Florida Departement of Highway Safety and Motor Vehicles poutèt depans adisyonèl k?ap fèt alòske leta deja nan yon kriz finans.
  • Diskriminasyon kont moun ki pa gen kay oswa ki depann sou idantifikasyon leta bay pou gen aksè a sèvis sosyal, lopital, e pwogram gouvènman.

Lida Rodriguez-Taseff, ki se prezidan Chapit ACLU nan Greater Miami-a di konsa:  ?non sèlman regilasyon-sa-a se imigran olye de teworis li atake, li pwal fè tout Floridyen mal.?  Li te ajoute:  ? kisa enpak bagay-sa-a pwal gen sou pri asirans machinn dèske pwal gen plis moun ki pa gen asirans poutèt pwovizyon ridikil e pinitiv-sa-yo??

Pou enfòmasyon/kòmantè adisyonèl:
Kontakte:

ACLU:  Howard Simon, Direktè ekzekitif,
Alessandra Soler, Direktè kominikasyon, (305) 576-2337, ext: 16
FIAC:  Cheryl Little, Direktè ekzekitif (305) 573-1106

Lèt De Koalisyon Imigran Nan Florid-la Voye Bay Gouvènè Bush Pou Ankouraje’l Abandone Nouvo Regilasyon Lisans Pou Kondwi Machin-nan.

February 22, 2002

Sousiyen òganizasyon nan Florid-la ankouraje?w rejte lòd ekzekitif 300, kise nouvo règ administratif ke Department of Highway Safety and Motor Vehicle  (DHSMV) adopte.  Nou mande?w pou opoze bil ki limite moun ki pa sitwayen , e moun ki natiralilze nan aksè-yo a yon lisans oswa yon kat idantite.  Mezi-a seryezman afekte de moun ki travay di, e ki swiv la-lwa.

Lòd ekzekitif-la bay pwovizyon pou yo pataje enfòmasyon ant DHSMV ak ajan de jistis kriminèl; li bay pwovizyon pou bay yon pèmi de 30 jou, ki limite dirasyon lisans-la ak dirasyon de dokiman INS-yo; Li fè pwovizyon tou pou treninn pou pwofesyonèl ka verifye dokiman etranje, e pou yo ka kenbe elektronikman kopi de dokiman idantifikasyon etranje.

Nouvo lòd ekzekitif-la se pa de limite li limite nonb de ofis ki sèvi moun ki pa sitwayen nan Miami-Dade, Broward, Hillsborough, Penellas, Collier, ak Conte Orange-yo.

Li vinn mande prèv de estati imigrasyon pou tout sèvis menm lè enfòmasyon-an te bay deja.  Li mande konfiskasyon de lisans yo te bay deja si moun-nan pa gen papye INS-yo sou-yo e fòse-yo bay papye ke menm INS pa trouve esansyèl pou prouve estati legal-yo.

Bil n?ap pwopoze-yo, se yon potansyèl pou diskriminasyon ak abi ki t?ap vin mete plis restriksyon toujou sou aksè, deske aplikan t?ap oblije idantifyé ki peyi yo fèt; li t?ap redwi validite period de non-sitwayen-an tankou moun ki rezidan pèmanan legal ak refijye.  E li t?ap met restriksyon sou validite yo bay lisans lòt leta.

Restriksyon-sa-yo pa kanpe sou anyen poutèt rezon ke nou pwal site-yo:

Pa gen pyès moun ki te mande moun an Florid kisa yo panse.

Nou te adopte e pwopoze restriksyon-sa-yo a la at san nou pa?t tyeke kòmantè nan popilasyon-an.  Yon piblik ki gen 17% ladan ki pa fèt isit, ak 7 % ki naturalize.  Se 51% de popilasyon Miami-Dade-la ki fèt a letranje.

Restriksyon-yo vin rann sikilasyon pi danjre.

Se pou leta ankouraje chofè ki gen lisans ak asirans pou pèmèt sikilasyon-an rete san danje.  Imigran bezwen kondwi pou al nan travay, pou fè travay, pou asire routinn-yo.  Restriksyon-yo ap vin kreye de sikonstans k?ap fòse de chofè ki pa gen ni lisans, ni asirans, ni bon treninn al kondwi nan lari-a; sa ki pwal rann sikilasyon pi magonmen toujou.

Restriksyon-yo afekte ata agrikilti, touris, ak biznis.

Kòm endistri agrikilti ak touris-la depann anpil sou travayè imigran, restriksyon-yo pwal domaje endistri Florida-Keys-yo.  Anpil imigran pa?p ka kondwi legalman pou y?al rekòlte zoranj ak sik.  Moun k?ap sèvi nan restoran ak mou k?ap fè menaj p?ap ka kondwi pou al nan lotèl pou sèvi touris.

Restriksyon-yo ap koute lajan.

Nan yon tan kote leta deja anba yon kriz finans, pou DHSMV t?al konsantre sou anfòse lalwa t?ap ajoute frè ki pa nesesè.

Restriksyon-yo pa fè anyen pou anpeche teworis.

Restriksyon-yo p?ap ka anpeche teworis fè sak teworis.  Zafè de idantifye nan ki peyi moun fèt p?ap ajoute anyen nan sekirite-nou, okontrè se plis diskriminasyon li pwal koze:  Diskriminasyon ki baze sou nasyon orijin yon moun.

Restriksyon-yo limite imigran ki rezidan legal.

Regilasyon ki an plas-yo mande dokimantasyon ki pa rezonab e ki lakòz yo konfiske lisans plizyè imigran legal, refijye, moun ki gen azil legal, ak rezidan pèmanan.  Plizyè lòt pa menm te rive jwen lisans ditou oswa yon kat idantite!  DHSMV pa dwe mande dokimatasyon ke ata INS pa mande.

Moun ki san kay bezwen idantifikasyon.

Moun ki nan lari bezwen idantifikasyon pou ka gen aksè a sèvis sosyal, lopital, ak pwogram gouvènman.  Yo depann  sou lisans yo te gen de yon lòt leta pou resevwa yon idantifikasyon nan Florid-la.  Si nou pa rekonèt validite lisans lòt leta-yo, sa pwal anpeche moun soti nan sitiyasyon de drive nan lari-a.

Se INS ki pou anfòse regilasyon INS.

Lwa INS-yo se pa lwa kriminèl yo ye, e se ofisye INS ki anfòse-yo.  Ofisye sa-yo pase nan treninn espesyal pou sa.  Anpwaye DHSMV pa gen eksperyans-sa-a pou entèprete pakèt bann dokiman INS-yo, vwa pou yo ta ka anfòse regilasyon-yo.  DHSMV pa fèt pou tounen yon ajans pou anfòse jistis kriminèl.

Afè de verifikasyon pa INS nan 30 jou-a se pa yon bagay ki reyalis. 

Se dat nou prouve ke done INS-yo konn pa konplè e ke li pran tan pou verifye estati-yo rapid rapid.  Gen enfòmasyon ki nan ansyen dosye INS ki pa menm nan òdinatè.  INS deja tyeke referans moun ki gen estati imigran legal.  Imigran ki ka prouve estati-yo pa ta sipoze ap anba siveyans DHSMV.

DHSMV manke ekspètiz yo bezwen pou enplemante restriksyon.

DHSMV pa gen ekspètiz pou entèprete dokiman ke INS sèvi pou demontre estati.  Difèt ke yo pa kapab enplemante yon system pou pataje done-yo e y?ap limite ofis ke imigran ka frekante pwal koze pwoblèm ki pa nesesè ditou!

Nou ankouraje?w anile lòd-la ak regilasyon-an e opoze bil ki pòko pase-a.

Nou soumèt-ou deklarasyon-si-la-a ak tout respè.

Florida Immigrant Advocacy Center
ACLU of Florida
American Immigration Lawyers Association, South Florida Chapter
American Venezuelan Business League
Association of Guatemalan Americans
Caridad Health Clinic
Church World Service, Miami
Coalition of Immokalee Workers
Colombian American Service Association
Federation of Ecuadorian Entities Abroad
Florida Catholic Conference
Florida Coalition for the Homeless
Florida Farm worker?s Association
Florida Legal Service
Fraternidad Nicaragünse
Guatemalan Unity Information Association
Haïtian Grassroots Coalition
Haïtian Women of Miami
Hispanic Latino Coalition of Sarasota
Honduran Unity
Humphrey and Whidden Insurance Agency, Inc.
Human Service Coalition of Dade County
Interfaith Action of Southwest Florida
Lutheran Social Services of Northeast Florida
Maya King Express
Miami Coalition for the Homeless
Miami Worker?s Center
Migrant Association of South Florida
Organización Honduraña
Radio 1440AM WWCL- Fort Myers
Redlands Christian Migrant Chamber of Commerce
Union of Salvadorans of South Florida
Unite for Dignity/SEIU 1199
United Brotherhood of Carpenters
Vickers?s House of West Palm Beach

Repons Gouvènè Bush A Lèt Koalisyon Imigrasyon Nan Florid-la Te Voye Pou-li Ankouraje?l Abandone Nouvo Règ Lisans-la

February 22, 2002

Repons-la se nan email li te rive le 25 fevriye 2002

Mesaj orijinal

De: Terri Ganson [SMTP:GansonT@ddl.hsmv.state.fl.us]
Voye le: lendi, 25 fevriye, 2002 a 1:18 PM
Bay: dskovholt@fiacfla.org

Sijè:  Re: restriksyon sou lisans pou kondwi machinn

Gouvènè Bush resevwa email-nou-a, e mande ke nou reponn-ou.

An 1999, lejislati Florid-la te amande seksyon 322.08(3), yon stati Florida ki mande ke chak aplikan pou yon lisans oswa pou yon kat idantifikasyon, dwe prezante youn nan dokiman valid-sa-yo:

  1. yon kopi sètifye de yon batiste ameriken
  2. yon paspò valid
  3. yon resi de rejistrasyon alyenn kat
  4. yon kat de otorizasyon travay (US Department of Justice)
  5. yon prèv ke aplikan-an pa nan estati imigran (US Department of Justice)

Bil y?ap pwopoze-a pa yon potansyèl pou diskriminasyon ak abi.  Pwovizyon-sa-yo aplikab pou tout aplikan kelkeswa nasyonalite-yo.  Bi ke lwa-a genyen, se pou li asire ke chak moun ki resevwa yon lisans nan Florid-la, oswa yon kat idantite, gen yon presans legal Ozetazini e ke moun-sa-a pase tès ki pou bal privilèj kondwi.

DHSMV pa mande dokiman ke INS pa mande.  Nou te konsilte INS ki te travay ak depatman-nou-a anvan nou te  pran desizyon sou regilasyon-sa-yo.  Se INS ki di ?nou ki dokiman ki nesesè eki asiste-nou nan devlopman pwosè-a.  Anpwaye-nou-yo te pase treninn nan men INS, kifè yo gen ekspètiz pou yo rekonèt dokiman valid INS.

Si yon moun te resevwa lisans-li nan yon leta ki pa?t mande menm papye ak leta Florid-la, lè li vini an Florid, si li bezwen yon lisans, fòk-li prezante dokiman idantifikasyon nesesè-yo.  Règ-sa-a pa vle di nou pa rekonèt ke lisans lòt leta-yo valid; nou aksepte-yo tankou yon idantifikasyon segondè.

Lwa-sa-a pa redwi ?sekirite? sikilasyon.  Nenpòt kimoun ki se yon sitwayen, oswa ki gen dokiman legal nan peyi-a gen dwa aplike pou yon lisans oswa pou yon kat idantite.
Anplis, si yon moun ap swiv règ lalwa, li pa?p kondwi san lisans ni san asirans machinn.  Moun ki pa legal nan peyi-a, ki kondwi san lisans, oswa ki pa swiv lwa peyi-a oswa lwa leta-a pa?p afekte moun ki swiv lalwa.

Nou apresye dèske ou te pran tan?w pou voye fason panse de òganizasyon?w-la sou règ-sa-a, e nou espere ke repons-nou-a klarifye pozisyon-nou sou zafè-sa-a.

Sensèman,

Sandra C. Lambert,
Direktè divizyon lisans pou kondwi machinn.

Alòske Gouvènman-an A Pare Pou?l Envestige Dè Milye De Moun, Aclu Ap Sikile Yon Seri Enfòmasyon Nan Plizyè Lang Pou Edike Piblik-la Sou Dwa-li.

November 21, 2001

Pou yon kopi lèt-la, rele:
Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Dirèktè kominikasyon, (305) 576-2337 ext:16 (biwo) oswa (786) 208-7203 (mobil)

MIAMI –  ACLU nan Florid-la anonse jodi-a ke l?ap distribye livrè an angle, panyòl, ak arab pou fè moun konnen dwa-yo lè lapolis, FBI, oswa ofisyèl INS rete-yo oswa kesyone-yo.

Tit livrè-a se : ?Konn dwa?w.  Kisa pou fè si lapolis, FBI oswa INS rete?w.?  Li gen enfòmasyon pou moun ki viktim envestigasyon gouvènman-an san rezon depi apre atak teworis onz septanm-nan.

H. Simon, direktè ekzekitif ACLU nan Florid-la, te di: ?li enpòtan pou sitwayen ak moun ki pa sitwayen konnen dwa-yo paske n?ap viv nan yon tan kote se pa milye ke y?ap ramase moun e ke y?ap kenbe-yo pou gouvènman ka kesyone-yo.?

Simon te ajoute: ? Alòske enfòmasyon kinan livrè-yo pa ranplase consèy legal, nou ankouraje moun kenbe ti livrè-yo sou la men, pou yo ka refere a yo si yo ta santi ke y?ap sibi envestigasyon gouvènman alòske ke yo se viktim inosan.?  Simon te patisipe nan yon pakèt pwogram ke plizyè òganizasyon tankou ?Council on American-Islamic Relations? ak ?Broward center for Islamic Studies? te parene.  Pwogram-sa-yo te gen pou objektif pou yo enfòme moun de dwa ?yo ak responsabilite-yo si yo ta vin gen pwoblèm ak lalwa sou bagay kesyone ak entewoje-a.

Nan ti livrè-sa-a yo gen repons anpil kesyon konsènan bagay tankou: kesyonnman/entewogasyon, fouye, ak dwa moun ki pa sitwayen.  Si ou ta vle liv-la ak enfòmasyon sou bagay-sa-yo, ekri: Alessandra Soler Meetze, Public Education Director, ACLU of Florida, 4500 Biscayne Blvd., Suite 340, Miami, Florida 33137.

Oswa ou gen dwa download lòt livrè ak Adobe Acrobat/PDF nan adrès si-la-a:

Angle:  http://www.aclu.org/library/know_your_rights.pdf
Panyòl: http://www.aclu.org/library/know_your_rights_sp.pdf
Arab:  http://www.aclu.org/library/know_your-rights_ar.pdf

ACLU Nan Florid-la Pwodui Yon Pwogram Telvizyon Ak 12 Pati Ladan Ki Rele “ACLU: Freedom’s Watchdog.”

April 9, 2001

Kontak medya-a:
Alessandra Soler Meetze, ACLU-FL, Direktè kominikasyon
(305) 576- 2337 ext: 16 (biwo) oswa (305) 773-8220 (mobil)

MIAMI  –  ACLU nan Florid-la pwodui yon pwogram telvizyon ak 12 pati ladan ki rele ?ACLU. Freedom?s Watchdog.? (Kivledi, ?ACLU. Chen de gad pou libète.?).  Pwogram-sa-yo gen pou pase sou WLRN twa fwa pa semen an avril ak me nan conte Miami-dade-la.

Yon cho yo rele ?the Criminal Justice Paradox? ki dire trant minit ap pase a 9 è di maten, le 10 avril, a 2 zè nan apremidi le 11 avril, a 7 è di swa le 12 avril sou WLRN stasyon 36 nan conte Miami-dade.

Se defandan piblik Fred Serafen k?ap prezante pwogram-nan, e li pral diskite de koze tankou ?10-20-life? ak ?3 strikes you?re out.? Ki se de lwa ki ekzije tan prizon pou sèten krim e ki wete diskresyon jidisyèl jij-yo pou deside sou tan prizon.

L?ap gen kòm envite Karen Andre ki se yon avoka e yon aktivis nan kominote-a, ak Andre Pierre, ki se yon avoka defans kriminèl.

2 moun ?sa-yo pwal diskite atitid ?tough on crime? ki vin abouti a yon to elve de arestasyon nan Florid-la, espesyalman nan jenès ayisyenn-nan.  Yo pwal pale tou de disparite ki gen onivo de ras nan afè konbat pwoblèm dwòg-la.  Yon disparite ki lakòz depòtasyon de plis an plis moun yo voye tounen Ayiti.

?First Amendment_Matrix of Freedom?, ki eksplore koze premye amandman-an ki dènyeman te lakòz anpil kontravèsi nan sid Florid-la ap pase an Angle a 9è di maten le 17 avril, a 2 zè nan apremidi  le 18 avril, e a 7 è di swa le 19 avril sou WLRN.

Envite nan cho-sa-a se Bruce Rogow ak Beverly Pohl.  Se de avoka ki met tèt kole ak ACLU e ki reprezante gwoup atizan local pou yo mete an kesyon òdinans kiben nan conte Miami-Dade-la ke yon pakè federal te jije enkonstitisyonèl ane pase.

4eme cho-a ap kouvri tretman ansyen kriminèl ki, menm apre yo fin fè tan prizon-yo, rete defranchize.  Cho-a ap adrese le fèt ke ACLU te asiyen leta poutèt li pa?t bay ansyen kriminèl asistans pou retabli dwa-yo.

Envite Brian Denis ak Earnest Thomas ki fè pati de ?Brothers of the same Mind?  pwal diskite efò ki fèt pou adrese pwoblèm ke ansyen kriminèl genyen pou retabli  vi-yo Randy Berg, direktè ekzekitif de enstitisyon de jistis nan florid-la, pwal diskite yon lejislasyon ki pòko pase, nan cho k?ap soti le 24 avril-la.

?ACLU: Freedom Watchdog ap pase a 9è di maten lè madi, a 2 zè nan apremidi lè mèkredi, e a 7 è di swa lè jedi pandan mwa avril ak me-a sou chenn 36.  ou ka pran chenn-sa-a sou sistem conte Miami Dade-yo:  36 Adelphia, 15 ATT West, 12 Bell South, 26 ATT Miami, 31 ATT Kendall, 32 ATT North, 36 Charter Miami Beach, 36 Charter South Miami.