Nòt Dwa-Moun

“Bill of Rights” Yon Rega Nan Listwa

Nan ete 1787, delege ki  nan 13 koloni yo te rankontre ansanm nan vil Philadelphie e te ekri yon dokiman  remakab pou –  moun gouvène tèt yo pou kont yo se te:  Konstitisyon Peyi Etazini.  Premye  kopi-a te gen yon sistèm de chèk ak balans ki te gen ladan, yon branch Egzekitiv ki fó anpil, yon branch represantan legislatif, e yon branch  jistis federal.

Konstitisyon an te vrèman yon bagay remakab, men li te gen kèk ti fay ladan.  Premyèman, li pat gen ladan yon deklarasyon egzak ? ou bill ? pou dwa chak grenn moun an patikilye. 

Li te sèlman pale de kisa ke gouvènman ta ka fè, men li pat di ki sa de gouvènman pat gen dwa fè. Dezyèman, li pat aplikab pou tout moun.  ?Konsantman moun kap gouvène-yo? ta vle di  pwopriyete moun blan sèlman.

Absans yon “BILL OF RIGHTS”  (dwa pou moun) te vin tounen yon  obstak pou  tout eta-yo  te ratifyie Konstitisyon-an.  Li ta pran 4  lót ane de anpil diskisyon avan ke pwoblèm nouvo fóm gouvènman ta rezoud.  Moun ki kwè nan sistem gouvènman federal yo pat dakó pou fè  rantre yon Bill of Rigths sou pretèks ke li pat nesesè.  Moun ki te kont sistèm gouvenman Federal, e ki te pè  yon gouvènman santral, refize sipote Konstitisyon an san li pat gen yon “Bill of Rights”.

A la fen, santiman poupilè-a vin deside.

DWA INDIVIDYIEL SE PI ANSYEN E
PI TRADISYONEL VALE NAN AMERIKA

Fèk jwen libète anba gouvènman kraze zo Anglè, pèp ameriken te bezwen bon garanti ke nouvo gouvènman pat tap pase anba pye nouvo libète ke yo te fèk genyen an pou di sa yo vle, pou relijyion, pou la près, ni sou dwa yo pou libere sou tout arestasyon san manda.  Konsa, moun ki te ekri konstitisyon yo te pote tout atansyon yo sou Thomas Jefferson ki te pale konsa:  Yon Bill of Rights? se sa ke tout moun ta dwe genyen pou konbat ak chak gouvènman ki sou la tè, an jeneral ou an patikilye, e pa sèlman sa gouvènman ta dwe refize osinon bay dènye mo yo sou li.

Bill of Rights Ameriken an, ki te inspire pa Thomas Jefferson e ekri pa James Madison, te adopte, e nan  lane 1791, premye 10 kómandman Konstitisyon an te vin sèl lwa sou tè Amerika.

GOUVENAM LIMITE

Se move eksperians  ke premye Ameriken yo te fè sou tan  la koloni an ki fè yo pat ka kwè nan pouvwa gouvènman.  Anpil moun ki etidye listwa rete kwè ke pi gwo evènman ki te fè  change konsepsyon sa-a te :  ?the Stamp Act? ke Palman Anglè a te fè pase nan lane 1765.  Yo te oblije moun peye taks sou tout papye legal ak biznis, tout jounal, liv ak tout papye ekri.  Anplis de taks sa yo, pèp Ameriken an te rayi koze pou yon gouvènman lwen ap kómande yo epi yo pat gen okenn mo pou di  anyen.  Pèp Ameriken te pi fache lè li wè yo ta fose-l aksepte nouvo lwa ?Stamp Act:

Ame ak ?writs of assistance?- (lód ke tribinal bay sou papye pou fè si  pou ki moun yon tè ye)- ke paleman Anglè-a bay, inspektè leta Anglè rantre lakay moun menm lè  ke yo pa gen prèv ke moun nan viole lwa ?Stamp Act? la, antre pou fouye kay moun ak byen moun sou pretèks ke yap chache kontre bann.  Kolonyalis yo te vin rayi wè kalite bagay sa ke Anglè yo tap fè yo te vin yon kómansman pou mete ansanm pou goumen kont Anglè yo.

De eksperians sa yo te vin soti yon sèl fason pou pèp Ameriken te konprann pouvwa ak libète kou yon lènmi natirèl pou yo.  Moun sa yo ki te kreye nasyon an an te kwè ke pi gwo travay ke yo ta gen pou fè se kenbe pouvwa gouvènman ak pwoteje libète, epi declare yon lót rezon ou definisyon pou gouvènman:  Pwoteksyon pou dwa chak moun.

Pwoteksyon pou dwa chak moun pat sèl bi pou gouvènman.  Gouvènman te genyen tou pou pwoteje kominote ya kont tout menas  sou plas ak tout lót peyi,  pou asire ke ekonomi peyi-a grandi, epi pou okipe de tout zafè politik ak ló peyi.  Men, se pat travay gouvènman pou di moun kóman yo ta dwe viv la vi yo, ki relijyon pou yo kwè ladan, ou kisa pou yo ekri nan jounal.  Nan sans sa, ide pou chak moun gen pwòp dwa yo, se pi ansyen ak pi tradisyonèl valè  pou pèp Ameriken.

KEK DWA KI PA KA TRANSFERE BAY LOT MOUN

Yo toujou panse ke demokrasi ak libète se menm bagay, men yo pa menm.  Demokrasi vle di ke moun dwe kapab vote pou ofisyèl piblik nan eleksyon ki jis, epi tou moun dwe pran desizyon politik selon lwa majorite-a.  Libète, yon lót kote, vle di menm nan mitan demokrasi, moun gen dwa ke majorite-a pa ka retire nan men yo.

Dwa ke moun yo ki te ekri konstitisyon-an te vle pwoteje kont abi gouvènman te parèt nan Deklarasyon Endepandans la kóm dwa ki pa ka transfere bay lót moun.  Yo rele dwa sa yo tou dwa natirèl, e James Madison rele yo, ?Gwo dwa pou limanite?.  Menm lè yo panse ke nou gen dwa pale jan nou vle a koz de premye amandman, sitwayen orijinal peyi isit te kwè ke, kóm moun yo gen dwa pou yo pale lib, e se sak fè yo envante premye amandman pou yo kapab pwoteje dwa sa-a.  tout “Bill of Rights” yo te kreye pou yo kapab pwoteje dwa ke sitwayen orijinal yo te kwè ki pou yo tou natirèlman, pami lwa sa yo nou genyen:

Bill of Rights la etabli kèk prensip elve ki garanti dwa ki pi fondamantal yo nan yon sans jeneral.  Men, depi nan komansman, gen kèk ka ki prezante ki leve kesyon difisil  konsènan de kóman, e menm si, yo ta ka aplike Bill of Rights la.  Avan ke lwa ki sou papye ka vin lwa tou bon, yon moun dwe entèprete kisa langaj “Bill of Rights” la vle di nan kèk sitiasyon byen detèmine.  Ki moun ki va dènye abit pou detèmine ki jan Konstitisyon an dwe aplike?

An premye lye, repons la pat klè.  Thomas Jefferson te panse ke gouvènman jidisyè-a ta dwe gen pouvwa sa;  James Madison te dakó ke yon sistèm tribinal endepandan ta dwe sèvi de ranpa pou libète-a.  Men, sa pa klè nan Konstitisyon an, e bagay sa pat rezoud juska lane 1803.  Se ane sa, pou premye fwa, Lakou Siprèm Etazini te ranvèse yon Ak Kongrè-a kóm enkonstitisyonèl nan yon ka ke yo rele:  Marbury v. Madison.  Malgre bagay ki pase nan ka sa-a te parèt monden. (Yon diskisyon konsènan Sekretè Deta ki refize aksepte nan plas la  4 jij ke Sena te apwente), prensip ke l te etabli-a ? ke Lakou Siprèm nan gen pouvwa pou anile tout  Ak ke Kongrè pran ki te vyole konstitisyon an ? te vin tounen kle devlópman ak pwotèksyon majorite dwa ke Ameriken ap jwi jounen jodi-a.  Dapre you moun ki konnen anpil sou zafè lalwa, ?Jidisyè endepandan se te pi gwo kontribisyon ke peyi Etazini te ka pote nan zafè konstitisyon?.

KA OUBYEN PWEN  DE VI DIFERAN

Branch jistis nouvo gouvènman-an te diferan de branch egzekitif ak legislatif la nan yon fason trè zenpotan.:  Tribinal yo pat gen pouvwa pou pran aksyon ak fós pa yo.  Kongrè-a ka pase lwa e Prezidan kapab fè soti lód egzekitif, men, tribinal yo pa ka revise aksyon sa yo ak fós pa yo.  Tribinal yo dwe tann jiskaske yon dispit-? yon ka ou yon diferan opinyon? ? eklate ant moun ki gen bagay pou pèdi ou genyen tou depann de rezilta-a.  Epi jan sa vin vire-a, moun ke dwa yo te pi frape pa abi gouvènman-an gen mwens kapasite pou fè pwosè.

Aló, malgre pouvwa revize jidisyè-a te etabli an 1808, plis ke 100 lane te pase avan ke Lakou Siprèm te gen bon jan opótinite pou pwoteje dwa chak moun.  130 lane apre ratifikasyon an, bagay ki pi enpótan nan “Bill of Rights” la ke moun note sè ke tribinal yo manke mete li an aplikasyon.   Nan kómansman ventyèm Syièk la, segregasyon rasyal te legal e te blayi nan tout aspè sosyete Ameriken an.  Diskriminasyon sèks te nan tout enstitisyon epi travayè te konn jwenn arestasyon pou aktivite inyon.  Imigran legal te konn jwenn depótasyon yo akoz de opinyon politik yo, polis te konn itilize fós pou fóse kriminèl ke yo sispèk konfese epi moun ki nan relijyon ki an minorite yo te konn viktim anba pèsekisyon.  Jouk nan lane 1920, Lakou Siprèm Etazini pa janm ranvèse okenn lwa oubyen aksyon gouvènman sou baz premye amandman-an.

Vyolasyon Konstitisyon ?an ki te pi komen an pase san pwoblèm paske klas nan sosyete-a ke yo te pi pat respekte dwa yo ?a, se egzakteman klas sa ki pat konnen  dwa yo epi tou ki pi pa kapab tou peye yon avoka.  Yo pa gen aksè a ?Ranpa ou Libète ?a ? ki se tribinal yo.  ?Bill of Rights la se te tankou yon motè ke pèsonn pa konnen ki jan pou fè-l mache.

NAN INTERE PIBLIK LA 

Nan lane 1920, yon ti gwoup moun ki gen vizyon te reyini pou diskite kóman pou yo fè
motè-a mache.  Roger Baldwin, ki se yon travayè sosyal ak yon aktivis pou travayè yo , te a la tèt gwoup ki te genyen ladan-l Crystal Eastman, Albert DeSilver, Jane Addams, Felix Frankfurter, Helen Keller e Arthur Garfield Haye.  Yo te fóme ACLU (American Civil Liberties Union epi konsakre yo sèlman pou yo fè gouvènman kenbe pwomès ki konsène Bill of Rights la.

ACLU ak NAACP te fonde nan lane 1909, ak Inyon travayè yo ki menm dwa pou yo egziste pat ko rekonèt pa tribinal yo, te kómanse denonse vyolasyon konstitisyon-an nan tribinal nan avantaj moun ke yo te anpeche pale oparavan.  Sa se te kómansman bagay yo vin rele jodi-a ?Lwa nan Interère Piblik?.  Yo te pote eleman ki te manke ?a ki te vin pèmèt sistèm konstitisyon-an ak Bill of Rights la fonksyone jan la sa dwa.

Malgre yo te pote kèk viktwa okómansman, óganizasyon sa-a yo te kòmanse kreye yon bann lwa ki te vin rann vivan Libète premye Amandman-an,dwa prive, ansan-m ak prensip egalite ak jistis fondamantal la.  Piti, piti, “Bill of Rights” la   vin transfóme de yon ?barrier parchment? (dokiman ki gen obstak) a yon miray ki pwoteje dwa inalyenab chak moun de gouvènman-an.

Anpil pwogrè te fèt ant lane 1954 a lane1973, lè anpil dwa ki pat aplike pandan yon bon bout tan te vin antre an aplikasyon.  Jodi-a, akonplisman sa yo jwen anpil presyon bó kote yon mouvman ki  konsakre a demobilize efó ak efè Bill of Rights la epi pou diminye endepandan tribinal  nou yo.  Devlopman Bill of Rights la  se te yon evènman esansyèl nan istwa libète-a, men se yon istwa ki toujou ap kontinye.

DWA, MEN SE PA POU TOUT MOUN

“Bill of Rights” la te sanble li te ekri nan yon langaj ki pat retire okenn moun, men, an reyalite, yo pa te ekri li pou ?l te pwoteje tout moun.  Gen gwoup an antye yo te kite akote.  Fanm se te sitwayen dezyèm klas, pwopryete mari yo, yo pat kapab vote jouk nan lane 1920 pandan ke yo te pase e ratifye 19eme amandman-
an.
Ameriken ki fèt sou tè-a te an deyó sistèm konstitisyon-an, yo gade yo kóm etranje sou pwóp tè yo.  Yo te gouvène non pa lwa Ameriken, men pa trete federal ak lwa ki te prive tribi yo de majorite tè ak otonomi yo.  Bill of Rights te an fonksyon pandan anviron 135 an avan ke Kongrè te akóde sitwayente Ameriken a Ameriken natif natal yo.

Yo te konprann trè byen ke te gen yon  ?eksepsyon ras? an Konstitisyon-an.  Esklavaj te konsidere tankou peche orijinèl peyi isit. Pandan 78 pemye ane ke to te fin ratifye-l, Konstitisyon ?an te pwoteje esklavaj e te legalize zafè sibódinasyon rasyal.  Olye de dwa konstitisyonèl yo, yo te gouvène esklav yo ak yon dwa ke yon rele ?slaves codes? dwa pou esklav ki te kontrole tout ti bagay nan vi esklav yo. Yo pat gen aksè a règleman lalwa: ya pat ka ale nan tribinal, fè kontra, oubyen posede pwopriete.  Yo te ka resevwa baton,  make yo ak yon fè cho kou zannimo, pran prizon san jije, e menm pann yo. An rezime, jan youn nan gran opinion Lakou siprèm deklare:  ?Nwa pat gen okenn dwa ke yon blan te oblije respekte.? 

Li te pran anpil ane pou goumen e yon gè sivil ki te fè koule anpil san avan pou yo te aksepte fè pase lót amandman nan Konstitisyon-an, pou te bay esklav yo ak pitit yo plen dwa pou vin sitwayen Ameriken- omwen sou papye.

    •  13eme Amandman aboli esklavaj
  • 14eme Amandman garanti Afriken Ameriken dwa pou due process (dwa pou pa vyole jistis yo nan tribinal) ak pwoteksyon egal devan lwa.
  • 15em Amandman bay yo dwa pou vote

Men li ta pran yon ló syèk an plis ap goumen avan ke lwa sa-a yo ta vrèman rive an aplikasyon.

SOUS

Papye sa te adapte de “Bill of Rights” nan Visions of Liberty ke Ira Glasser ekri (Arcade Publishing, 1991).

ACLU of Florida
4500 Biscayne Blvd. Suite 340
Miami, FL 33137
(305) 576-2336
www.aclufl.org
http://www.aclufl.org/kreyol/

  • Libète Relijyon – Dwa pou yon moun egzèse pwóp relijyon li, osinon pa pratike relijyon ditou, san ke gouvènman pa anpeche ni enflyanse pèsonn. (wèACLU Briefing paper #3)
  • Libète Lapawól, Laprès, Petisyon ak Asanble –  Menm ekspresyon ki pi pa popilè pwoteje kont ?sipresyon? ou restriksyon gouvènman(wè ACLU Briefing Paper #10)
  • Dwa Prive ? Dwa ke yon moun genyen ki fè ke gouvènman pa ka mele nan bagay prive osinon pèsonèl li, papye ak tout lót bagay ke li posede.
  • Due Process of Law ? Dwa ki pèmèt ke gouvènman trete yon moun ak jistis chak fwa ke libete osinon pwopriete  li an danje.
  • Egalite Devan Lalwa ? Dwa ke youn moun genyen pou li resevwa trètman egal devan la lwa, san yo pa gade de estati sosyal li.(wè ACLU Briefing Papers #6,11,17,18 and 20).

RANPA INPENETRAB POU LIBETE